Nan Jaden Amoni
Vin li yon liv ki amizan, edikatif, pozitif nan bonjan kreyòl
Krik ?
Krak !
Onè !
Respè !
Tim ! Tim !
Bwa chèch !
Èske ou renmen tire kont ? Èske ou renmen lang kreyòl la ? Enben, ou nan bòl grès ou ! Sa yo se yon seri kont y ap rakonte depi digdantan. Yo abitye fè nou ri, yo konn mande nou reflechi, epi pafwa yo konn menm pouse nou aji.
Men fwa sa a, vin tande Amoni k ap rakonte nou kont sa yo nan lang manman nou ak papa nou. Gen bèl ti koulè lokal ki bay pèsonaj yo plis nanm. Konsa w ap tou pwofite anrichi vokabilè ak ekspresyon ou nan lang kreyòl la tou !
Rale ti chèz ba w pou vin aprann ak pataje listwa ki pale sou tèt ansanm, bon konprann, ak Amoni. An nou aprann viv nan Amoni ak tèt nou, pwochen nou yo, ak anviwònman kote n ap viv la.
Lasosyete an nou tire kont, san nou pa fè kont.

Pou chak liv nou vann, n ap ofri youn bay yon lekòl Ayiti ki travay ak nou.
![Canva Design DAFBLITbywM Canva Design DAFBLITbywM](https://amoni.creolesolutions.com/hubfs/Canva%20images/Canva%20Design%20DAFBLITbywM.png)
![20220329_111816-1 20220329_111816-1](https://amoni.creolesolutions.com/hubfs/20220329_111816-1.jpeg)